29yèm tit chanpyona FC Barcelona nan La Liga pa sèlman yon lòt trofe nan vitrin klib la.
Se yon viktwa ki gen anpil pwa nan listwa foutbòl panyòl la. Jodi a, Barça chwazi pi gwo sèn nan pou make moman sa a: bat gwo rival li a, Real Madrid, 2 a 0, epi asire tit la pandan toujou rete twa jounen anvan fen chanpyona a.Match la te gen tout presyon yon gran desizyon. Tout moun te konnen si Barcelone te rive fè rezilta a, pòt chanpyona a t ap louvri nèt. Men ekip katalan an pa t pran tan pou montre entansyon li. Depi 9yèm minit la, Marcus Rashford ouvri mak la avèk yon gòl ki mete tout estad la an mouvman. Apre sa, nan 18yèm minit la, Ferran Torres double avantaj la. Nan mwens pase ven minit, Barcelone te deja pran kontwòl match la epi te mete baz yon aswè istorik.Pi lwen pase nòt final la, viktwa sa a montre yon bagay ki pi pwofon. Li montre matirite yon ekip ki konprann kijan pou jere gwo rankont yo. Kont Real Madrid, talan sèlman pa janm sifi. Fòk ou gen disiplin, kalm, entèlijans, epi kapasite pou kenbe presyon an. Jodi a, Barcelone te fè sa avèk anpil otorite. Yo te kontwole ritm jwèt la, yo te byen òganize, epi yo pa t kite advèsè a jwenn espas pou retounen nan match la.Gen viktwa ki pote twa pwen, epi gen viktwa ki make yon jenerasyon. Lè yon ekip ranpòte chanpyona a kont pi gwo lènmi li, moman an antre dirèkteman nan memwa sipòtè yo. Se pa sèlman paske yo genyen; se paske yo montre kiyès ki te pi fò lè presyon an te pi wo.Avèk twa jounen toujou rete pou fini sezon an, 29yèm tit sa a konfime siperyorite Barcelone pandan tout ane a. Ekip la pa t sèlman briye nan kèk moman; li te regilye, li te gen karaktè, epi li te toujou reponn prezan nan moman ki te pi enpòtan yo.Aswè a, fanatik blaugrana yo pa sèlman ap selebre yon trofe. Yo ap selebre yon viktwa prestij, yon viktwa fyète, ak yon viktwa ki raple tout mond foutbòl la ke FC Barcelona toujou konnen kijan pou leve nan gran randevou yo. E nan silans ki rete apre defèt Real Madrid la, yon sèl verite kanpe klè: 29yèm tit La Liga a se pou Barcelone.
© RobinsonJerome

