ZIP FM 106.4 Pare Pou Koup Dimond Nan!
Robinson Jerome Kanpe Nan Tèt uon ekip Ki prè pou ekloze tout pasyon foutbòl La!Révèy la sonnen. 11 jen ap vini ak yon vitès ki p ap pran souf, epi «Radio Télé ZIP FM 106.4» deja nan pozisyon, mikwo yo kalibre, analiz yo prè , epi pasyon an deja ap bouyi nan estidyo a!Sa k ap dirije operasyon istorik sa a? Pa pèsonn lòt ke Robinson Jerome, Direktè Sportif ZIP FM 106.4 yon non ki pa bezwen prezantasyon nan milye foutbòl ayisyen an. Avèk yon karyè ki chaje ak esperyans, yon je ki wè jwèt anvan li rele, ak yon vwa ki konnen ki moman pou leve son an, Robinson pap jis kouvri Koup Dimond Nan , li pral viv li, transmèt li, epi fè tout Ayiti ranje l ansanm avèk li.Ekip la se pa yon ekip , Se Yon Mouvman!Bò kote Robinson, Poleus Wyclef ak Emerson de pilye solid ki konnen ki jan pou kenbe yon emisyon vivan, cho, epi k ap ba ou anvi rete kole sou radyo a pral fòme yon triyang ki pwisan. Chak vwa pote yon savè diferan : analiz pwofon, reyaksyon rapid, ak sèvo foutbòl ki pa janm etenn. Men sa pa fini la! Lòt manm ekip la ap rejwenn pi devan yon renfò k ap rann kouvèti a pi konplè, pi djanm, pi total. ZIP FM 106.4 p ap jis rapòte sa k ap pase sou gazon an , li pral kreye yon eksperyans radyo k ap fè sonje.Anvan, pandan, aprè —«ZIP FM » ap nanChak Souf!Depi premye kout siflèt la sonnen, Robinson ak ekip li pral oryante oditè yo nan yon pwogram ki : Anvan match yo , analiz taktik, dosye sou ekip yo, enfòmasyon cho sou jwè kle yo.Pandan match yo : kòmantè an dirèk ki plen enèji, reyaksyon kout, emosyon otantik. Aprè match yo: debriyaj konplè, opinyon, deklarasyon, ak tout sa ki te pase nan tan adisyonèl tou!Paske pou «ZIP FM» , yon match pa fini lè abit la soufle dènye kout siflet la. Li fini lè dènye mo a di.Sponsor yo, se Lè pou nou pale!«ZIP FM 106.4» p ap fè yon kouvèti senp yo pral kreye yon evènman medyatik konplè avèk animasyon, enèji, ak yon odyans fidèl ki reponn. Pou mak ak antrepriz ki vle prezans yo santi nan moman cho sa yo, opòtinite a klè se konn fè ki fè. Koup Dimond Nan se vitrin pou mak ki vle konekte ak piblik la nan yon kontèks emosyonèl pwisan.Kontakte ekip ZIP FM 106.4 pou patènaryat ak sponsò paske plas yo ap pran vit!Yon Sel Frekans, Tout pasyon foutbòl La«ZIP FM 106.4» pa jis yon radyo. Se lakay foutbòl Ayisyen an. Epi lè Robinson Jerome kanpe nan tèt yon ekip konsa, ou pa bezwen chèche okenn lòt kote.Sentonize, pataje, rele, epi ranje ou paske kèk semèn ankò, ekip la pral pote tout Koup Dimond Nan vini jwenn ou dirèkteman nan zòrèy ou!
Radio Télé ZIP FM 106.4 Nou la pou tout souf foutbòl la.Téléphone : (+509) 3498-3823/3725-5487Swiv nou sou rezo sosyal yo pou tout dènye enfòmasyon.

