5 lane aprè, PNH la retounen antre nan Vilaj de Dye nan yon gwo operasyon.
Pòtoprens, 1ye jen 2026 : Apre anviwon senk (5) lane, fòs lòd yo fè yon retou remakab nan zòn Vilaj de Dye, youn nan katye ki te konsidere kòm yon bastyon gwoup ame yo.
Daprè enfòmasyon otorite yo kominike, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) lanse yon gwo operasyon depi bonè nan maten lendi 1e jen an nan objektif pou reprann kontwòl espas la epi kontinye konbat ensekirite k ap frape peyi a.Daprè sa ki anonse, plizyè inite espesyalize nan PNH la te mobilize pou operasyon sa a ki fèt ak sipò ekipman espesyal ak machin blende.
Objektif prensipal la se te pouswiv manm gang yo, demantle baz operasyonèl yo epi pèmèt leta reprann prezans li nan zòn nan.Imaj ki sikile sou rezo sosyal yo montre deplwaman enpòtan ajan lapolis yo, machin blende k ap sikile nan diferan seksyon Vilaj de Dye, ansanm ak plizyè operasyon rechèch ki te fèt pandan jounen an. Operasyon sa a make yon etap enpòtan nan efò otorite yo pou reprann teritwa ki te anba enfliyans gwoup ame yo pandan plizyè ane.
Plizyè sitwayen ap suiv devlopman sitiyasyon an ak anpil enterè, pandan yo espere operasyon sa yo ap pèmèt yon amelyorasyon reyèl nan klima sekirite a. Pou kounye a, PNH la poko bay yon bilan final sou kantite arestasyon, zam sezi oswa lòt rezilta ki soti nan entèvansyon sa a. Retounen fòs lòd yo nan Vilaj de Dye, senk lane apre dènye gwo operasyon yo te mennen nan zòn nan, voye yon siy klè sou volonte otorite yo pou rekipere espas ki anba kontwòl gang yo epi retabli lapè nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.
Radio Télé ZIP FM ap kontinye swiv dosye sa a pou pote tout nouvo enfòmasyon yo bay piblik la.
Robinson Jerome
