20.5 C
Los Angeles
May 30, 2026
SportsUncategorized

Nan yon kominike ofisyèl li pibliye sou rezo sosyal yo, « Fédération Haïtienne de Footbal»l anonse piblikasyon lis ofisyèl ekip nasyonal foutbòl Ayiti a pou vandredi 15 me 2026 a 11è nan maten

Nan yon kominike ofisyèl li pibliye sou rezo sosyal yo, « Fédération Haïtienne de Footbal»l anonse piblikasyon lis ofisyèl ekip nasyonal foutbòl Ayiti a pou vandredi 15 me 2026 a 11è nan maten.

Dapre federasyon an, anons sa a pral fèt atravè yon konferans pou laprès vityèl ki deja ap atire anpil enterè nan mond espòtif ayisyen an.Federasyon an fè konnen konferans sa a ap pèmèt piblik la dekouvri jwè ki pral reprezante Ayiti nan pwochen randevou entènasyonal yo. Fanatik yo deja ap tann avèk anpil kiryozite pou konnen kiyès ki pral jwenn konfyans staf teknik la, pandan plizyè non ap sikile sou rezo sosyal yo.

Nan menm nòt la, Fédération Haïtienne de Football pwofite envite tout jounalis ayisyen ak etranje pou suiv gwo anons sa a. Responsab federasyon an souliye enpòtans prezans laprès la nan objektif pou kontinye bay plis vizibilite ak transparans sou aktivite ekip nasyonal la.Konferans lan pral fèt sou platfòm dijital federasyon an, kote plizyè medya lokal ak entènasyonal deja anonse prezans yo.

Dapre kèk obsèvatè, lis sa a kapab make yon nouvo etap nan preparasyon Grenadye yo pandan peyi a ap chèche retounen sou gwo sèn foutbòl entènasyonal la.Pandan dat 15 me a ap pwoche, sipòtè ekip nasyonal la kontinye eksprime espwa yo pou wè yon gwoup solid ki kapab fè fyète pèp ayisyen an.

Anons lis ofisyèl la deja tounen youn nan sijè ki plis ap fè pale nan mitan fanatik foutbòl yo atravè peyi a ak nan dyaspora a.

@Robinsonjerome

Related posts

Ce qu’il faut savoir sur les hantavirus

admin

Le dossier Odson Edouard dans l’impasse

admin

Le débat autour des joueurs binationaux continue d’alimenter les discussions dans le football international.

admin

Leave a Comment